KI ÈS NOU YE?

NOU SE SOCIO CONDUCTOR

Nou se yon gwoup chofè Ayisyen k ap viv nan Chili, ki mete tèt ansanm pou n soutni youn lòt ak bati solidarite vre. Nou la pou n bay sipò nan ka difikilte sou wout, pataje bon enfòmasyon, epi chèche mwayen pou tout manm ogmante revni yo. Nan yon peyi etranje, inyon nou se fòs nou!

Misyon Nou

Misyon nou se bati yon kominote ini, solidè ak angaje, kote tout chofè yo jwenn sipò mityèl, sekirite ak opòtinite pou amelyore lavi yo. Nou mete tèt ansanm pou n bay youn lòt asistans imedya ak konpreyansyon nan ka vòl, agresyon, aksidan oswa lè yon kolèg fè pann sou wout la.
Nou angaje nou pou n kreye yon rezo chofè ki pran swen youn lòt, ki kominike regilyèman, epi ki mete sekirite ak byennèt chak manm kòm pi gwo priyorite.
Anplis aspè sekirite a, nou travay aktifman pou n ede chofè yo ogmante revni yo atravè fòmasyon, pataj opòtinite ekonomik, aksè a resous estratejik, ak devlopman pwofesyonèl. Nou kwè ke lè chofè yo reyisi, se tout kominote a ki benefisye.
Nou se vwa chofè yo. Nou se fòs k ap mache ansanm.

Vizyon Nou

Nou vize konstwi yon rezo chofè ki ini, respekte, ak pwofesyonèl, kote chak manm santi yo an sekirite, valorize, epi gen aksè ak plis opòtinite pou grandi ekonomikman ak pèsonèlman. Nou reve yon sistèm kote solidarite ak kolaborasyon ant chofè yo tounen yon modèl pou tout lòt sektè transpò a.
Nou imajine yon avni kote tout chofè, kèlkeswa kote yo soti, gen dwa ak menm nivo jistis, èd, ak devlopman. Yon rezo ki sèvi kòm poto mitan pou defann enterè chofè yo, ankouraje inovasyon, epi mete moun an premye, sou tout wout.

NOU SE SOCIO-CONDUCTOR

Ansanm nou fò

01

DEVIZ NOU

Sèvi, pwoteje byen ak lavi chak socio.

02

OBJEKTIF NOU

Motive tout socio pou fè plis kòb chak jou. Ansanm pou nou fè gran eksplwa.

03

KREDO GROUP LA

Nou Socio-conductor, nou kwè nan Bondye e nou kwè nan tèt nou. Nou jire pou nou rete solidè youn ak lòt, pandan n ap grandi nan LANMOU ak RESPÈ youn pou lòt.
Ansanm nou fò. Ansanm ansanm, nou se SOCIO-CONDUCTOR.

Pran on Randevou avèk Nou

Ekri nou n ap kontan rantre an kontak avèk ou


LÈ NOU TRAVAY
7 jou sou 7
24 sou 24
Enkli jou ferye
APÈL IJANS 24/7

+569 7553 9212

Poukisa ou ta dwe vin manm gwoup Socio Conductor?

Vin manm Socio Conductor se chwazi pou w fè pati yon rezo moun ki kwè nan chanjman sosyal, solidarite, ak lidèchip kominotè. Se pa sèlman yon gwoup, men yon espas kote ou ka grandi, pataje ide w, aprann nan men lòt moun, epi kontribye aktivman nan devlopman kominote w. Si w ap chèche angaje tèt ou pou yon sosyete ki pi jis, ki pi ini, Socio Conductor se kote ou dwe ye.

VALÈ NOU ANTANKE GROUP SOCIO-CONDUCTOR

SOLIDARITE

Nou toujou pare pou n sipòte nenpòt lòt chofè ki nan difikilte, swa pou ijans, aksidan oswa nenpòt bezwen.

SEKIRITE KOLEKTIF

Nou veye youn sou lòt pou n diminye risk epi fè fas ak danje ansanm.

KOLABORASYON

Nou pataje lide, opòtinite ak resous pou n grandi ansanm.

RESPÈ

Nou bay chak manm valè, kèlkeswa eksperyans li oswa sitiyasyon pèsonèl li.

RESPONSABILITE

Nou respekte angajman nou, epi nou aji ak onètete ak transparans.

LESPRI ANTREPRENÈ

Nou toujou ap chèche nouvo fason pou fè lajan epi amelyore lavi nou.

INYON

Nou konnen fòs gwoup la depann nan fason nou mete tèt nou ansanm, se youn nan rezon ki fe nou toujou rete ini.

APÈL IJANS 24/7

+569 7553 9212

Pran on Randevou avèk Nou