Nouvo Manb

Men kòman ou ka entegre nan gwoup socio conductor

1) Ou dwe vin patisipe nan yon reyinyon lè nou rankontre chak 2 madi nan yon mwa.

  • Premye reyinyon ou patisipe a ap gratis pou ou.
  • Apresa, wap peye yon frè ke komite a ap fikse chak lè nou reyini.

2) Ou dwe gen yon machin ak yon kont(uber,didi,cabify,indrive) wap travay sou li.

3) ou dwe ap viv nan «region metropolitaine» nan. «Yon fason pou ou ka vin patisipe nan reyinyon yo ak nou»

Lè ou fin entegre nou

1) Nap mete’w nan tout gwoup what’sapp yo.

2) Nap mete’w sou zello a «radio kominikasyon nou an»

Pou nou ka enskri’w nan achiv gwoup la.

1) Ou dwe patisipe nan 4 reyinyon yonn dèyè lòt.

2) Ou dwe make prezans ou sou zello a chak lè wap travay nan lari a.

3) Sou katriyèm (4) fwa ou vini nan reyinyon an, Nap enskri’w nan lis socio conductor.
Answit, nap kole LOGO gwoup la nan machin ou an.

N.B: wap peye yon frè pou nou ka kole LOGO a pou ou.