NOUVO LWA POU GWOUP LA

1. Prensip pou Pantalla yo.

-Si yon Socio pa lage pantalla li sou (gwoup watsapp ki fèt pou sa), nan dele ki fikse pou sa (jiska lendi a 11:59 PM). komite a ap enflije l yon sanksyon ( yon semèn deyo sou tout gwoup wathsapp Socio conductor yo ak sou Zello a. Si non, enfrakte a ka peye yon amann (10 mil pèso) pou evite sanksyon an.

2. Prensip pou reyinyon general yo.

-Si yon socio pa peye pou reyinyon, li pap ka patisipe (endiskitab). Epi enfraktè a ap deyò nan gwoup la pandan 3 jou, sa vle di( dimanch 11:59 PM jiska mèkredi apre reyinyon an). Epi lap tou konsidere kòm yon madi rate.

-Si yon Socio peye, men li pa vini nan reyinyon ( otomatikman, komite a ap konsidere l kòm absans e kontribisyon an pa ranbousab). Epi sa ap tou konsidere kom yon madi rate.

-Si yon Socio peye reyinyon Madi e li motive absans li, komite a ap konsidere ka a e padone Socio a. Kontribisyon an pa ranbousab.

-Nenpòt Socio ki ta akimile absans nan reyinyon pou 3 Madi pandan 2 mwa, li ap deyo definitivman nan gwoup lan. Oubyen, enfraktè a ka peye yon amann (15 mil pèso) pou l re-entegre gwoup la.

3. Prensip pou itilize Zello a.

-Nenpòt Socio ki ap itilize move pwopo kont yon kamarad li sou Zello a ap sou silans pou 12 è tan.

-Kèlkeswa manm nan komite a ki ta siprann e avèti yon Socio pou sispannn ak yon diskisyon oubyen yon move blag Sou Zello a gen dwa pou mete Socio sa sou silans pandan 12 è tan aprè avètisman an, si li pa obeyi touswit.

-Okenn socio pa gen dwa pale de vi prive yon lòt socio sou zello a.

Okenn socio pa gen dwa joure manman yon lot oubyen di yon vye mo sou madanm li oubyen pitit li.

4. Prensi pou itilize gwoup wathsapp yo.

– Li entèdi pou yon Socio pibliye oubyen ekri bagay ki pa gen rapò ak SOCIO CONDUCTOR, sou gwoup wathsapp yo.

– ou ka fe sa selman sou gwou 100% dyalog la.

Règleman Pou Lwa Sou 2 Chanpyon Chak Semèn Nan

1) Moun kap CHANPYON an te dwe patisipe nan dènye reyinyon ki te fèt nan menm semèn nan.

2) Moun nan dwe pataje ubicación li chak jou, si li rate yon jou li pat lage’l, otomatik li pap kalifye.

3) Moun nan dwe make prezans li sou zello a chak jou. Si li pa fè sa yon jou, li pap kalifye.

4) Moun nan dwe fè pou pi piti 600 mil pesos, pou li kalifye.

5) Moun nan dwe gen pou pi piti yon (1) mwa nan gwoup la.

TÈM AK KONDISYON APLIKAB!!!

Kredo Sosyo yo

Nou, Socio-Conductor. Nou kwè nan Bondye e nou kwè nan tèt nou.

nou jire pou nou rete solidè yonn ak lot, pandan nap grandi nan lanmou ak respè yonn pou lòt.

Ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Socio-conductor.